Sie sind auf Seite 1von 3

Biznis Pam • Djakout Mizik

Genre: Konpa
Year: 2003
Produced by: Ti Regi

[Intro]
Ok... Sa se biznis pa m'
Di m' kilè ou ap sispann baye, babye sou sa k' pa konsène w'
Se defo moun k’ap penpennen
Veye zafe moun k’ap cheche yon mwayen pou konbat la mizè
Il n’y a pas de sot metier
Nanpwen moun k’ap travay tout jounen pou l’ pa manje yon pen
A wi, Bondye bay moun de men de pye
Il suffit que ou fe brain ou mache pou sove de gouden
Di m' kilè ou ap sispann babye, babye sou sa k' pa konsène w'
Se defo moun k’ap penpennen
Veye zafè moun k’ap cheche yon mwayen pou konbat la mizè
Poutan, chak fwa yon nonm ap degaje l’
Egri ki poko pran konsyans
Pran plezi pale l’ mal
Yo kritike menm malere k’ap fè efò
San yo pa reyalize edikasyon fanmi k’ap fèt nan vann dlo
Bondye bay chak moun yon kreyon pou trase chimen w’
Se ou k’ pou aprann manye l’
Kreyon m’ se mikwo m’ se biznis pa m’ li ye
Se sa k’ fe m’ jere l’ byen konsa
Oo sa zye mesye sa yo gen sou biznis mwen an
W’AP TYEKE
[Keytar solo]
Reji m’avè w’ ankò …
You’re my selecta
Ababatchanay
Mache…konpa
Hello Tibo…baz la
Papouch…hein hein
Fanatik Djakout yo biznis ou ap mache
Djaz nou bon, fe djòlè tout kote n’ pase
Ede m’ chante sa ..en coeur
[CHORUS]
Sa se Djakout la
Biznis peyi a
Sa k’ap mache a
Sa yo mande a
Pa eksite m’ non non non...
[3 fwa]
Brega di, Evens di, BS di, Louko di, Ti Dyo di, M.C di
Fanatik yo di...
Sa l’ ye devan biznis mwen an
Konpa aaaa a aa a aaa
[Keyboard Solo]
Ooooooooo,
Ooooooooo,
Ooooooo
Ti Pouch, c’est ça la touche
Macheeeeeee….. konpa
Mamay represent y’all
Ey…mwen te met ap vann kafe
M’ape chèche lavi m’ oo
Fò ou pa imilye m’
Sa se biznis pa m’
Men yo te mèt di m’ kòdonye,
Se la vi m’ap chèche
Il n’y a pas de sot metier
Sa se biznis pa m’
Men se ave l’ ti moun yo al lekòl, sa se biznis pa m’
Men se ave l’ lwaye kay la peye, sa se biznis pa m’
Chaba aaa…
Gad’ on biznis
MIAMI pa ka responsab li - Gad’ on biznis
NEW YORK CITY pa ka responsab li - Gad’ on biznis
HAITI pa ka responsab li - Gad’ on biznis
Se fanatik ki ka responsab li ... why
Sa se biznis pam’
Sa se biznis pa m’
S’on fwèt kach
Ou kwè l’ap kraze
Woy
[Keytar solo]
Zopodop zopodop...
Chaba, one second, watch out, gad’on biznis
Mwen di BOSTON pa ka responsab li - Gad’ on biznis
MONTREAL, Canada pa ka responsab li - Gad’ on biznis
Les Antilles, Paris pa ka responsab li - Gad’ on biznis
Se fanatik ki ka responsab li ... Why
Sa se biznis pam’
Sa se biznis pa m’
S’on fwèt kach
Ou kwè l’ap kraze
[Keytar solo]
Zopodop zopodop...
Sa se biznis pam
Silvouplè pa kraze' l

Das könnte Ihnen auch gefallen