4kout BAGET PDF - Copie

Das könnte Ihnen auch gefallen

Als pdf oder txt herunterladen
Als pdf oder txt herunterladen
Sie sind auf Seite 1von 17

4 kout bagèt

pou reveye
Jacques Stephen Alexis
Jak,
Jak konpè. Leve non. Leve
Pwoche. Pwoche pi pre.
Vin koute on bri.
Sanble se nan fon wòch yo l ap soti. Ou pa tande?
Non. Ganlè se jis dèyè do mòn yo pito.
Jan l ap fè a se kòmsi se nan lyann yo menm li vle rantre.
Ou pa tande l k ap kouri pyafe tout devan an ?
Se li wi k ap fè tout ravaj sa yo.

Rete, apa l ap gwonde !


Li sanble vini ak fòs, konpè.
L ap vin pi fò wi. Ou pa tande ?
Enhen, m santi l k ap sonnen pi fò nan zorèy mwen. Ou pa tande l ?
Jan l ap fè a ondire se kὸ l l ap ranmase ;
sanble se tout kò l menm l ap ploye mete anba kὸ l.

Rete, apa l ap gonfle tou !


Hey, konpè, se pa ti koze non. Ou pa tande ?
Li vin pi fò vre wi.
Jan l ap fè a se kὸmsi se woule l ap woule pou l deplase.
Li pa sanble van non.
Sa a ta plis parèt mwen pi pre rèl Asòto a k ap hounke; li pa vle wouye limenm.
Enhen, li pale fò menm pou tout Pit kou Mawo, Zannana kou Pengwen sekwe.
Sekwe kὸ yo jis nan rasin lizyè soufrans la.

Sanble l ap pare pou yon Va wi. Ou pa tande ?


Se depi lontan wi pawὸl la t ap pale :
 1503 pou rive 1791, Li sonnen fὸ.
 1791-1804, Li sonnen pi fὸ alèkile.

Ou pa tande l, oumenm?

Se tout bon vre wi l ap mache. L ap mache san kanpe.


Enhen, li pa kanpe non. Koute, koute ankò….
Li kite lyann yo dèyè. L ap pwoche wi.
Ou pa tande ?
Sanble se nan tout plenn lan yo nèt, wi, l ap fofile kò l.
Ou wè, se sa m fenk ap di w la wi : Li gentan pran Vètyè.

Rete, apa l ap pale tou !


Enhen, m rekonèt vwa a. Tann, koute…
Sa a se Jak, Jean-Jacques Dessalines k ap begleye. Se li.

Hey fout, li gentan rive ak tout sant li.


Ak tout sans li.
Li gen koulè tou wi, papa.
Lodè l se tranchman vant lanmè depi nou kite Langinen.
Koulè l se woukou Astèk nan lanmè Lasivilizasyon depi Kwa a te bobo tè a .

Oui, Jak, f on ti pwoche - pi pre toujou.


Pwoche pi pre m di w. Ou mèt pwoche. Konsa.
Sann lan tonbe sou ou ?
Epi ?
Epi, OU SE JAK. Jacques Stephen Alexis.
Jak,
Ou mèt pwoche ankὸ.
Koulye a vini pi pre. Vini pi pre toujou.
Pwoche non. Ou pa tande l ?
Ou pa tande l k ap sifle nan pye mὸn yo ?
Ou pa tande l k ap glise kὸ l sou pwent nen pye lanmwaz la ?
Ou pa tande l k ap fè jimay anba tout rasin bwa yo ?
Non. Sanble se pa sa m kwè a. Sanble se pa li.

Sa fè lontan m pa tande bri sa a.


Sa gen lontan, denpi li kite Bouk la.
Lontan denpi nou pa tande l.
Ti konpè madanm lan pa te menm ko pati pou lὸt peyi a.
Sa gen lontan, m ap sonje, li pa janm pwente la a.
Pa yon fwa. Pa menm yon sèl fwa.

Sa tèlman gen lontan, ata vwa l nou prèske bilye lè l te konn ap yenyen devan
fetay la ; nou bilye tout jan li te konn hele lè l ap pase anba kay nou yo, tout ti
joupa yo te fin pa konnen kijan li mache, kouman li kouri, konbe pa li fè ojis anvan
li chavire yo. Yo tout ak tout anba tè nan bouk la te konnen sant li anvan lavalas
pase.
Yo tout, m di w !

Jak, se nou tout grandèt wi ki pa sonje anyen, jodi a.


Nou tout tou bilye bon lodè latè lè l te konn pre vizite nou.
Nou bilye nèt.
Alὸs, se sa m ap di w la, pandan m tande bri a, m ap sonje :
Se pa ni 2 ni twa tèt ki pa koupe pou granmèsi. Pou li !
Se pa ni 2 ni 3 pechè latè ki pa pèdi lavi yo pou anyen. Pou li !
Se pa ni 2 ni 3 fanmi ki pa rete fache pou plizyè jenerasyon. Pou li !

Jak, kite m di w :
Se lontan wi nou pa tande l. Lontan vre wi.

Pandan m di w pwoche a, m ap raple m :


Se pa ni 2 ni 3 trip ki pran kὸde, jis yo fini pa tonbe. Pou li !
Se pa ni 2 ni 3 timoun ki grandi kwatchὸkὸ, tèt kὸlὸwὸch ak tout vant yo bonbe.
Pou li !
Se pa ni 2 ni 3 granmoun ki fin pèd pawὸl, fas ba, nan vip pip, ay tansyon monte.
Pou li !
Se pa ni 2 ni 3 bèt ki pèdi langay yo, ki pèdi patiray, menm pèdi tèt yo. Pou li !
Elas !

Ou mèt pwoche. Pwoche non Jak.


Paske se pou w konnen :
Se pa ayè, nou pa janm wè l ni tande l
Se pa ayè lang kwaze pye l pou bouch pa jwenn pasaj
Se pa ayè ti pil gwo pil mare nan chak kwen pou men gὸch pa jwenn ak men dwat
Se pa ayè nou mare, nou tout mare pwen ak chimen pèdi tan.
Se depi lontan wi.
Depi lontan, m di w, Jak.
Vin non.
Ou mèt pwoche pi pre.
An nou bouske pre malanga a.
Se la a, li rete.
Ou sezi !
Eske w sezi vre ?
Kὸmkwa ou pa konn Jak, Jak. Jacques Roumain wi !

Vini non papa.


Bwè on gout.
Bwè youn ankὸ.
Ou mèt pran lanmezi ou kapab.
Jiska 1932, 1934 gout.
Epi?
Epi, men ou. OU SE JAK. Jacques Stephen Alexis.
Jak,
Jak vin tande.
Vin tande modèl bri koze sa a fè, limenm.
Vin tande m di w.

Se tankou yon kout lè wi li rive.


Tankou yon flonn ki fann 4 mi miwa lèzanj.
Kon gwo kout zèklè, gwo solèy midi, ki vlope nan tout souf nan vil la…
li ponje sou nou.
Kon papatoudenkou, pèsonn pa te janm konnen,
li rive sou nou.
Tou debraye.

Epi li bow, li bow ankò…!

Siman ou te tande l, fwa sa a.

Pa gen moun ki pa te wè l k ap pase.


Pa gen manman, pa gen papa, pa gen kouzen kouzin ni frè sè oswa zanmi
kanmarad tou ki pou di yo pa te wè l, yo pa te tande l.
Pèsonn pa ka di non, yo pa te wè l k ap ponpe - k ap jape- k ap bave.
Ak kras. Ak san. Ak mwèl nou.
Nan fèy bèk li.
Jak, ou pa ka di ou pa tande l, fwa sa a.
La a ou pa ka di w pa t konnen.
Lè l rive sou nou a, Sous la te gentan pete.
Ou te gentan bwè ladan e Lawouze te gentan fè chimen nan rasin tout yon kolonn
ti wòch ki t ap pouse toupatou anwo do mòn lan, anba lavil, nan tout plenn yo.
Li te gentan ap kannale desann. Nan mitan anpil wòch, gwo wòch, ti wòch ki te
gentan aprann pase anba fant janm solèy.
Limenm, li vin rive sou yo an zingdekontraryete ak tout lodè santò li a.
Ou te gentan konnen l oumenm dirèkteman e pèsonèlman.
Jak, s on gwo bri vre, gason !

Nou te kontinye wè l.
Nou te kontinye santi l.
Nou te kontinye wè l santi.
Nan tout souf nou.
Nan tout rèv nou.
Toupatou.
57 fwa pa jou pandan 30 lane !

Oui, Jak, se pou w ta wè jan li te kontinye fè sa !

Nenpòt ti piwèt ba l kè sote.


Nenpòt, m diw, li kouri pete bri byen fò.
Se pou w ta wè, Jak, konbe kout kanno li tire.Yo te tèlman fò, gen wòch, alèkile, ki t
ap grandi, ki pouse kòn. Yo vin vle sòti gwo lajounen nan mitan vant li menm.
Yo tanmen babye nan tout lajè konsyans yo.Yo kouri pyafe nan tout longè kòlè yo.
Yo tèlman kontrarye zenglen pouse bò goch yo.
Jis y al tonbe nan fondè yon kay nan Petyonvil. Annapre, yo sanble te gentan
abouti jis nan fon kè yon lòt bitasyon nan mitan riyèl Nazon an.
Se la a, bri a ta pral dechennen nèt.
Li vin ap kouri kou chen fou k pran nan nich fonmi wouj.
L ap chache.
L ap chahe toupatou sa l te wè deja – sa l te pè deja – sa l kontinye pè.
Oui, Jak, l ap chache. L ap chache w toujou, m di w.
L ap chache Jean – Jacques Dessalines Ambroise.
Li fin fou, l ap chache … sa l pa t ni mete ni kreye sa l pa ka efase ni disparèt.
L ap chache.
Epi ?
Epi, men ou. OU SE JAK. Jacques Stephen Alexis.
Jak,
Alèkile ou pi pre.
An nou non. An nou koze.
Koulye a ou pi pre.
Ou ka wè. Ou ka tande. Ou ka santi. Ou ka viv, Jak, kijan bri yo monte desann youn
sou lòt ; kijan yo tout kwaze pye yo ansanm pou bare pasay la.
Yo antòtye lavi pou plis kafouyay.
Yo mete bouch pale pou plis pale depale mal pale… rete jouke jouk nan mwèl tèt.
Yo tout mete ansanm nan konplotay pou tout moun nan machanday konviksyon.
Pou yo, yo toujou rete la.
Pou ak yo se yo .
Pou san yo se yo pi rèd.
Pou Anwo toujou anwo toujanwo Anba.
Jak Leve.
Leve kanpe pou w tande kijan:
Bout pa bout n ap dekrenmen
Gout pa gout n ap deseche.
Tout sikwi nanm, isit, sèch, sèk anba solèy lanjelis.
Chak moso solèy, alaverite, s on kwa maswife k ap lonnen nan rèl do nou.
An nou, an nou Jak.
Ou pi pre koulye a.
Ou wè jan bri wòch yo ap monte desann nan dezespwa nou.

Tou sa n te genyen plonje desann


Tou sa nou merite rete kanpe, anwo, byen wo, anwo tèt nou.
Chapo pay nou tounen panyen pèse pou dlo bwote tout espwa
Chak gout dlo, alaverite, s on kwòk pwason ki jouke mizè nou pi plis.
An nou, an nou, Jak
Ou pi pre koulye a.
Ou pran sant tè a, lò l tranble.
Ou santi jan kè nou ponpe anba lalwèt nou
lè filang pousyè ap deplase chak zòtèy nou.

Lè tè a tranble konsa tout venn nan kò nou


tanmen danse san volonte nou
Lè tè a tranble konsa lafimen pouse zèl nan rèv nou.

Nou janbe kafou nan tounen pousyè.


Chak flonn pousyè, alaverite, s on paj silabè pou andyoze nanm nou pi lwen
toujou, m di w.
Jak, an nou.
Ou pi pre nèt, koulye a.

Ou tande van an k ap renyen nan zòrèy nou.


Ou tande l k ap demachwele tout pyebwa yo.
Ou tande l, Jak , li pote ale tout plim je ti zwezo nou yo wi.
Ata, zo li pa kite.
Li keyi yo gwèw, kèw kou grenn lapli.
Genyen li filange depi nan ze.

Van sa a pote ale entelijans nan twou bwa tout kote


Van sa a sapata tout vye krepsòl nou t ap sire depi Dyab te kaporal
Chak kout van yo, alaverite, s on pataswèl ki fann tèt peyi nou pak an pak jis nou
resi tonbe nan touwonsanfon.
Leve kanpe non Jak. Leve…
Leve pote lebra bay Marie Claire Heureuse Félicité.
Li kontinye pote dlo je nan doulè tout fanm k ap pèdi mari ; k ap pèdi pitit…
Nan je leta ki pa Voum ki pa pwèt.
Kenbe men Célimène. Pa te janm gen maryaj. Pa te gen alyans nonplis.
Li kontinye plenyen nan chagren silans ki mò k touye Lanperè.

Jak, leve non atò. Leve…


Leve soutni Nicole Hibert.
Li kontinye ap soufle lèt damou peyi a nan zòrèy nou ;
nou kontinye renmen peyi a ak kè, ak kouto ak san sou kè n. Wouj. Tou wouj.
Tande vwa Carine, pitit nou. Li pa te gen souf. Li pa te gen vwa nonplis.
Pou l te pale nan chagren papa ki efase kon flonn yo lonnen nan po krab mazòrèy.
Mh !

Jak, se pou w leve wi. Wi, Leve, Jak.


Leve kouri ak Lucette Lafontant
Pase pran Mario Rameau…, jan Jacques Dessalines Ambroise ta fè
Pase pran tout lòt grenn wòch dife yo
Yo tout sila yo ki konn nan riyèl la.
Pran sa k kache anba pye mòn yo. Hele yo. Yo pe vini.
Voye nouvèl pou grenn grenn ki nan inivèsite a. Gen k pe vini tou.
Pa vini nou 3 a ase. Nou p ap kapab.
Desann al ranmase.
Kouri pyafe nan mitan tout travayè.
Makonnen nan ren tout pwoletè.

Se la a, nan 2 pwent zòrèy yo.


Wi, Kenbe l.
Rale chodyè a. Chavire l.

Rodolphe Mathurin, 28 Novanm 2021

Jean – Jacques Dessalines (1758- 1804)


Jacques Roumain (1907- 1944)
Jean – Jacques Dessalines Ambroise (1923 – 1965)
Jacques Stephen Alexis (1922 – 1961)
P a g e | 17

Das könnte Ihnen auch gefallen